Site Anacaona (Anakawona) gen repitasyon yon vil kote anpil aktivite kiltirèl konn layite depi nan tan premye abitan yo te abite sou zile a rive jous jounen jodi an. Se yon zòn ki te konn bay anpil chantè, dizè, dansè, mizisyen elatriye. Se nan komin sa Ruthza Paul fèt epi grandi. Li fè etid primè l nan lekòl Sainte Rose de Lima de Léogane epi etid segondè l nan kolèj Coeur de Marie(CCM).
Grandi nan vil Leyogàn te yon eksperyans ekstrawòdinè pou chanpyon Datapowetik 3èm edisyon an. Pou li se te yon chans antanke Ayisyen pou li aprann konnen chak rekwen nan vil la. Pandan anfans li, se te yon plezi pou li, anbyans ki te konn toujou genyen nan vil la sitou lè peryòd rara pou manman li mennen l al gade defile nan dimanch pak, chak premye ak 2 janvye pou l ale gade maswife, li te toujou renmen moman sa yo.
Se pami rezon sa ki fè powetès la pa janm panse a dezatache l ak Leyogàn. Se vil kè li, tout nanm li nan de pla men vil la. Men tou, lanmou moun Leyogàn pou lakilti espesyalman pou Vodou ak Rara Leyogàn se lòt rezon ki fè Ruthza atache li ak vil sa ki toujou kontan resevwa moun lòt zòn lakay li, se yon vil li di ki trè ospitalyè. Pou madmwazèl Paul ou pa ka pale de Leyogàn pou w pa mete zafè plantasyon kann ak pwodui kleren ladan l. Se tout sa yo ki rann vil la inik.
Depi nan lekòl klasik Ruthza te dekouvri li renmen pwezi, dayè premye tèks li ekri te gen pou tit “Ton Nwèl“. Enspirasyon powetès la vini swivan yon mo li tande, yon liv li li, yon sitiyasyon ki fè gwo bri, sa li viv, oubyen san ankenn rezon an patikilye paske pwezi a gen kapasite pou l vini jwenn li pou kont li tou san avèti.
Ruthza gen yon gwo panchan pou tèks sosyal paske li jije ke si pwezi a pa poze pwoblèm yo, kesyon yo, lè gen yon bagay ki pa mache paske pwezi a se yon zam pou kont pa l. Men tèm Politik ak Lanmou se prefere l. Modèl li se yon powèt Leyogànè ki rele Max Grégory St Fleur, se apre li fin li yon liv powèt la li te deside eseye ekri pwezi nan fason Max Grégory St Fleur ekri a. Sa Ruthza plis renmen ak otè sila se ke “liv li yo pa kenbe sekrè pou lektè yo, yo aprann, yo pran plezi epi li bay posiblite pou yon moun vin yon meyè vèsyon de li menm”. Dekouvèt sa te fè Ruthza li anpil sitou powèt ayisyen ki ekri nan lang kreyòl yo. Li renmen sitou powèt ki nan epòk kontanporèn nan, san l pa janm bouke voye flè sou zèv ansyen yo. Powetès la di: “Max Grégory St Fleur se premye powèt ayisen mwen li, m te kontan dekouvri l atravè yon liv ki rele tan lapli, pwezi Jessica Nazaire yo te toujou banm gwo kè kontan”.
17 jen ki ap vini la Ruthza prevwa pibliye premye rekèy pwezi li ki rele Meli Melo. Sijè li trete nan rekèy sa se : Lanmou, lespwa ak latwoublay ki gen nan sosyete ayisyèn lan. Se depi nan lane 2020 li t ap travay pou li soti liv la. Gayan DataPowetik 2022 a fè konnen li se pòt pawòl sa ki san vwa yo, sa ki pa jwenn chans pale yo tou. Pou li menm jenerasyon fiti yo ap wè zèv li tankou yon eritaj, y ap gen chans viv tan pa li an nan zèv li yo. Meli Melo gen anviwon 110 paj, li ap soti nan Les éditions Lanbi.
Ekri an kreyòl pou Ruthza: “se yon fason pou ede moun apresye lang lan, montre si w ayisyen se yon fyète l dwe ye pou w pale ak ekri nan lang manman nou. M vin konprann gen bagay se sof an kreyòl m ka di l pou l jwenn tout sans li epi m deside anbrase pwezi kreyòl la se te yon desizyon ki te mande anpil aprantisay sitou nan aprann ekri kreyòl la byen (paske m te lekòl kote ki pat banm libète m nan pale kreyòl) epi rive konn marye mo pou m fè pwezi m gen la kounya a”. Powetes la ekri nan lang franse tou e tout rèv li se pou l ta wè zèv li tradwi nan lòt lang.
Konsèy Ruthza pou yon jèn ki ta vle ekri pwezi ki ta vle swiv tras li: “se aprann konnen jan pwezi a si ou renmen l, li anpil, pa ezite chache atelye pou w ka pèmèt pwezi w vini djanm. Anplis, pa fèmen pòt pou pwezi a jan mwen m te kòmanse fè l paske m pat janm dakò m gen kapasite sa vre, kite pwezi a vini, kite l abite w, kite l mennen w kote li vle. Pou fini si w se fanm ou vle ekri pwezi pa ekri pou w vin atis ekri pou w ka itil sosyete a”.
Ruthza Paul te pwofite tou pou li voye mo remèsiman li bay Eritaj Kilti Kreyòl (EK2) ki dapre li te pèmèt anpil moun dekouvri talan li atravè DataPowetik. “M pwofite remèsye yo pou kout pwojektè sila”. Powetès la te ajoute : “M santi gen lespwa toujou. M santi chaje jou ki pare pou vini pi bon si nou mache kontre yo”.